

Bòs NoNo
Bòs NoNo se asistan Fondasyon PAM. Li ede w aprann li ak ekri, epi li mache avè w etap pa etap pou w monte yon ti biznis, yon pwojè agrikòl, oswa prepare yon demach nan biwo Leta. Chwazi yon atelye.
- Li ak ekri ›Lèt, silab, mo, fraz. Yon ti pa chak fwa.
- Biznis ›Soti nan lide a rive nan premye semèn lavant lan.
- Jaden ›Tè, sezon, depans, risk ak lavant: yon pwojè agrikòl ki kanpe.
- Demach ›Batistè, kat idantifikasyon, NIF, patant: ki biwo, ki papye, nan ki lòd.
Bòs NoNo se yon pwogram òdinatè: li ka fè erè. Li pa konnen pri mache yo ni frè biwo yo: verifye yo ou menm anvan w depanse lajan. Platfòm PAM pa bay prè e li pa sipòte okenn kandida ni okenn pati.
Poko disponib: vwa anrejistre Bòs NoNo an kreyòl, pale ak li ak vwa w, pri mache ak alèt meteyo, ak koneksyon ak moun ki ka sipòte pwojè w.